sonnenlanbi

Pwojè

Defi lang lan chak jou

01
Globalizayon
Se youn nan eleman ki gen gwo enpak sou lang nou an . kote dominasyon lòt lang yo nan tout nivo , tout kote sitou nan koze biznis , radyo ak televizyon epi zafè lekòl , menase itilizasyon lang lan nan lavi nou chak jou .
02
Diskriminasyon lenguistik
Chak jou pi plis nan espas prive ak piblik , Gwo diskriminasyon ap fèt . Kote moun ki nan biwo yo souvan sèvi mou ki pale Fransè yo anvan epi rabese moun ki itilize lang nou an pou kanal kominikasyon pa yo .
03
Manke Done
Koz leta pa gen enterè nan bouste lang lan , done yo vin limite , jwenn yon diksyonè pa fasil , liv yo ki an kreyòl ra , sou entènèt pa gen anpil blòg ki fèt pou itilizatè lang nou an e sou rezo sosyal yo se plis yon kreyòl ki makonnen ak Fransè.

Ann batay pou lang nou libète Hayti

Avantaj pou yon moun

Premyeman yon lang ki rich kreye konfyans nan tèt moun ki ap pale li a , . li gen rapò sere sere ak kominote ke ou ladan an , li pèmèt ou rete konekte ak kilti ou . li pèmèt ou tou konekte ak istwa w ki fè w moun ou ye jodia . gen etid ki pwouve tou moun ki pale lang manman ap papa yo byen , fè pi bèl reyisit eskolè.

Avantaj pou yon tribi

Yon lang matènèl se yon eleman enpètan pou idantite kiltirèl yon kominote , li pèmèt yo rete konekte antre yo epi pataje menm . li faforize chita pale ak bon konprann nan mitan kominote a . Sa ki ka lakoz gen mwens diskisyon ak mwens goumen. Lang lan jwe yon gwo wòl nan fè moun konnen kilti yon pèp lòtbò dlo.

Avantaj pou yon peyi

Pwomosyon lang kreyòl se youn nan fason efikas pou atire plis touris nan peyi . Sa ki pral pèmèt touris yo konprann epi viv kilti nou an nan yon vèsyon siperyè ak jis foto. Devlopman touris la tou pral jwe wòl nan kenbe ekonomi peyi , paske li pral fè gen plis travay disponib nan domèn otèl restoran , elatriye.

Pwojè nou

Baz enfòmasyon Anliy
Youn nan objektif nou se kreye yon baz done anliy pou lang kreyòl tout moun ak ka fè rechèch nan lang lan san okenn difikilte , kèlkeswa sijè fòk konsène a ka jwenn liv , kou ak tout kalite enfòmasyon , epi done sa yo ap gen pou respekte tout règ gramè yo.
Baz enfòmasyon fizik
Pa gen pi bèl bagay ke lè w ap w ap fè lekti nan pwòp lang pa ou , si ki mennen nou nan yon gwo pwojè ki pral fè pwomosyon pou literati kreyòl . Ankouraje jèn yo pwodui tèks ak liv nan lang nou an . Ekri sa yo yo pèmèt nou gen yon bibliotèk kreyòl .
Valorize lang kreyòl la
Anseye timoun yo depi tou ti kat kat lanmou pou lang kreyòl se premye fason pou nou ba li valè , itilize kreyòl la nan nenpòt ki gwo evenman ap fè nou vanse pi vit . Se nou ki pou ba li yon plas enpòtan nan rapò nou ak moun lòt peyi.
Defransize

Defransize lang kreyòl se yon mwayen pou nou rann lang orijinal: gen twòp mo ki soti nan lang fransè ladann . Se rezon sa nou dwe netwaye l pou l sanble ak nou pi plis toujou .

Literati

Nou pral fè pwomosyon pou literati kreyòl , ankouraje moun ekri nan lang lan , pwezi se youn nan sib nou oganize bèl konkou pou valorize lang lan.

Blòg

Sou google ak rezo soyal yo nou pa gen yon pals enpòtan . Kreyasyon blòg kreyòl pral mete yon limyè sou nou e sitou n ap ka okipe yon plas sou gwo medya sa yo.

Diksyonè

Pa gen lang san diksyonè . Se pou tèt sa li se yon eleman enpòtan . Donk n ap gen pou nou travay sou dksyonè ki respekte reyalite nou kòm pèp e ki ap travay pou lang lan ka vanse.

Entegre kominote a.
Poze yon pyon , pa pale mete la . men okontrè fè yon aksyon pou angaje w nan yon batay k ap bon pou tout yon pèp .
Scroll to Top