Ou fè pati moun ki renmen lang kreyòl , ebyen ou nan bòl grès ou , nan kominote sila n ap pwone yon lang ki djanm e ki ka kanpe anfas nenpòt lòt lang sou planèt la.
Garanti yon bon edikasyon pou pitit ou , paske l ap gen pou li aprann nan lang manman li ak papa li kidonk yon konpreyansyon san fòse . l ap vin gen plis konesans , kidonk kapasite pou li reflechi pi byen .
Wi tant lang nasyonal ou gen plis valè nan je lemonn , tant idantite w ap plis valorize , tant w ap gen plis respè lè w kite peyi a . Alòs premye pa se nou , pèp fyète ki pou fè li . Wi valorize lang lan se pa yon devwa men yon obligasyon.
Ou pa ta renmen wè lòt nasyon vin chita pou aprann lang pa nou an tou , fè videyo nan lang pa nou . Alòs se kòb k ap antre nan peyi a . Nan peyi ,kou achte liv achte fim elatriye wi lè sa ou menm kòm sitwayen ap ka viv pi byen .
Pa bliye devwa w se mete lang lan pi wo .
Pyès moun p ap vin libere lang nou , se nou ki pou fè l ; Nou chak gen yon kapasite , Ann mete tout fòs nou pou nou sonnen lanbi ,yon son rasanbleman pou tout pitit lang lan , nan tèt kole n ap mete kreyòl nan plas li dwe ye a .
Nou se yon gwoup jenn gason ak jenn fi vanyan ki ap pote yon limyè . N ap pwone yon lang ki orijinal , ki makonnen ak kilti nou
leve lang kreyòl l pou l rive nan menm nivo ak lòt lang ki plis pale nan mond lan. Dekolonize mantal nou pa rapò ak move lide nou gen sou lang lan .
Aprann gramè kreyòl la se yon premye etap esansyèl pou konprann epi sèvi ak lang lan korekteman. Lè nou metrize gramè a, nou vin kapab eksprime tèt nou ak plis presizyon, kit se nan pale oswa nan ekri. Sa ede ranfòse lang lan epi montre ke nou pran li oserye kòm yon zouti kominikasyon pwofesyonèl ak kiltirèl.
Patisipe nan pwojè ki gen pou objektif pwomosyon ak devlopman lang kreyòl la se yon gwo kontribisyon nan ranfòse prezans li. Kit se nan literati, edikasyon, teknoloji, oswa lòt inisyativ, angajman nou ka fè yon gwo diferans nan asire yon avni briyan pou lang lan.
Defann lang kreyòl la vle di kanpe kont prejije ak diskriminasyon ki ka egziste kont li. Se responsablite nou pou nou fè pwomosyon valè li epi milite pou li jwenn plas li nan edikasyon, nan administrasyon piblik, ak nan sosyete a an jeneral. Defann lang lan se defann kilti nou ak fyète nasyon nou.
Pale kreyòl ak pitit nou se yon fason pou pase yon eritaj kiltirèl enpòtan bay jenerasyon k ap vini yo. Lè nou chwazi kominike ak timoun yo nan lang natif natal nou, nou ede yo devlope yon lyen solid ak idantite yo pandan n asire ke kreyòl rete vivan ak dinamik.