sonnenlanbi

Kiyès nou ye ?

Batay   pou kreyòl la se batay pou libète.

Kiyès nou ye ?

Nou se yon  gwoup jèn ki ap panse , nou wè ki valè pwoblèm ke lang nan genyen nan  sosyete a  , nou wè ki plas ke li genyen nan je moun ki pale l yo san konte nan je mond lan , nou santi tout diskriminasyon ke lang lan ap sibi chak jou pi plis . E nou deside vini ak yon solisyon.

kisa ki motive nou ?

Nou pa gen  motivasyon ni objektif kache . Tout rèv nou  baze sou yon lòt kreyòl kote tout moun ap ka itilize lang kreyòl la san ke yo pa sibi okenn diskriminasyon. nou ta renmen nan inivèsite nou yo , lang lan okipe yon plas enpòtan kote se ladan tout moun ap aprann.

sonnen lanbi

fè nou konfyans

Seryozite nou 

Seryozite se youn nan fòs nou yo . Nou se moun ki responsab nou gen yon konfyans nan pwojè nou an e n ap travay lanuit kou lajounen pou nou reyalize li. Nou fè tout bagay nan transparans

Fòs mantal ak fizik nou

Vizyon nou ale lwen , nou disipline , e n ap akonpli sa nou deside akonpli an , nou pa konn bay vag sa se fòs nou , nou jèn kò fizik pèmèt nou reponn ak enèji fizik travay yo mande . Depi se pou travay nou , nou pa gen lannuit ni lajounnen.

Kapasite

Kapasite entèlektyèl nou se youn nan kle nou , konesans ke nou genyen pèmèt nou louvri yon pakèt  pòtay , e li pèmèt nou reflechi pou nou pote bon lide pou travay la ka vanse.

kesyon ?

Pwojè a poko gen yon dat kòmansman , paske li mande tan pou rasanbleman moun ak lajan pou nou kapab lanse .

W ap gen pou w enskri sou sit la nòmalman k ap pèmèt ou jwenn aksè ak lòt enfòmasyon

N ap gen yon pakèt aktivite men pou moman sa , aktivite yo ap fèt anliy ,  n ap òganize  fòmasyon sou plizyè  domèn anliy , epi n ap  òganize konkou ak lòt ankò. 

Scroll to Top