Premyeman yon lang ki rich kreye konfyans nan tèt moun ki ap pale li a , . li gen rapò sere sere ak kominote ke ou ladan an , li pèmèt ou rete konekte ak kilti ou . li pèmèt ou tou konekte ak istwa w ki fè w moun ou ye jodia . gen etid ki pwouve tou moun ki pale lang manman ap papa yo byen , fè pi bèl reyisit eskolè.
Yon lang matènèl se yon eleman enpètan pou idantite kiltirèl yon kominote , li pèmèt yo rete konekte antre yo epi pataje menm . li faforize chita pale ak bon konprann nan mitan kominote a . Sa ki ka lakoz gen mwens diskisyon ak mwens goumen. Lang lan jwe yon gwo wòl nan fè moun konnen kilti yon pèp lòtbò dlo.
Pwomosyon lang kreyòl se youn nan fason efikas pou atire plis touris nan peyi . Sa ki pral pèmèt touris yo konprann epi viv kilti nou an nan yon vèsyon siperyè ak jis foto. Devlopman touris la tou pral jwe wòl nan kenbe ekonomi peyi , paske li pral fè gen plis travay disponib nan domèn otèl restoran , elatriye.
Defransize lang kreyòl se yon mwayen pou nou rann lang orijinal: gen twòp mo ki soti nan lang fransè ladann . Se rezon sa nou dwe netwaye l pou l sanble ak nou pi plis toujou .
Nou pral fè pwomosyon pou literati kreyòl , ankouraje moun ekri nan lang lan , pwezi se youn nan sib nou oganize bèl konkou pou valorize lang lan.
Sou google ak rezo soyal yo nou pa gen yon pals enpòtan . Kreyasyon blòg kreyòl pral mete yon limyè sou nou e sitou n ap ka okipe yon plas sou gwo medya sa yo.
Pa gen lang san diksyonè . Se pou tèt sa li se yon eleman enpòtan . Donk n ap gen pou nou travay sou dksyonè ki respekte reyalite nou kòm pèp e ki ap travay pou lang lan ka vanse.